Nan Konsèy Minis 8 out 2025 la, yo nonmen enspektè jeneral Vladimir Jonas Paraison kòm Direktè Jeneral pwovizwa pou ranplase Rameau Normil. Yo prevwa enstale li apremidi a, sòf si gen chanjman nan dènye minit.
Desizyon sa a montre volonte otorite yo pou ranfòse sekirite, amelyore jesyon PNH, epi prepare eleksyon yo nan yon klima trankil.