Apre mesaj lapè kowalisyon kriminèl Viv Ansanm lanse a, PNH raple sitwayen yo danje toujou prezan, retou a lakay yo ap fèt sèlman ak garanti Leta.
Nan yon mesaj odyovizyèl li mete deyò samdi 30 dawout 2025 la, Lapolis Nasyonal Dayiti lanse yon apèl klè bay manm popilasyon ki te oblije kite kay yo akoz zak bandi: « Pa tounen lakay nou ! » Enstitisyon polisyè a fè konnen moun yo pa dwe koute bandi sanginè ki ta vle pran yo nan pyèj, paske se sèlman lapolis ansanm ak gouvènman an ki gen pou akonpanye yo nan bon kondisyon sekirite lè moman an ap rive.
Mesaj sa vini kèk jou apre kowalisyon kriminèl Viv Ansanm lanse yon apèl lapè, mande moun ki t ap viv Solino, Dèlma 30, Nazon ak Kriswa pou retounen lakay yo. Men, pou PNH, apèl sa pa dwe pran oserye.
Pou rapèl, depi plis pase uit mwa, gang Viv Ansanm t ap simen laterè nan zòn sa yo. Yo te fòse tout moun kouri kite lakay yo, yo kraze ak boule kay, yo touye sitwayen e yo vòlè byen moun yo te abandone. Dènye semèn yo, bandi yo deside retire nèg ak zam nan kèk nan zòn yo t ap kontwole yo, yon sitiyasyon ki fè plizyè moun te pran chans retounen. Men konsta yo te fè a grav: anpil kay detwi, anpil domaj materyèl.
Fas ak reyalite sa, PNH raple gang sa yo se teworis, epi yo anba avi rechèch nasyonal ak entènasyonal. Li avèti moun yo pou yo pa tonbe nan pyèj, paske jou pou yo retounen lakay yo poko rive.
Depi lansman mesaj lapè Viv Ansanm nan, opinyon yo divize nan sosyete a. Gen moun ki panse se yon mannèv pou twonpe, lòt kwè gouvènman an ta finanse yon trèv pou fasilite eleksyon, pandan gen moun ki wè ladan l yon estrateji pou gang yo prepare yon nouvo masak sou popilasyon an.
Se nan sans sa Lapolis mande tout moun rete vijilan, paske sèlman avèk garanti Leta ak fòs lòd yo, retou an sekirite lakay yo ap posib.
À lire aussi:
Le taux de référence calculé par la BRH pour ce samedi 30 Août 2025 est de 130,50 HTG pour 1 USD